Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Lapli meteò

 



Lapli meteò | Meteor shower | Pluie de météores

Toutan n'ap tande y'ap pale de « pluie de météores » sou Internet ak lòt kote tou.

Bon, sak pluie de météore la ? Sak lapli meteò a ? Ebyen jodia Captain Astro pral ekplike'n rapidman sa fenomèn sa ye.


Nou tande lapli, nou panse se yon pakèt bagay ki pral tonbe sou nou ? Non, monchè ! Tande,...

Nan sistèm solè nou an, nou konnen gen 8 planèt, men gen lòt bagay tou, tankou komèt yo ; objè sa yo ki fèt ak anpil glas mele ak wòch konn rive sou anndan nan sistèm solè a.


Yo sòti lwen anpil wi, nan zòn òbit planèt Neptune ak planèt nèn Pluton, ak nan yon zòn ki gen anpil anpil komèt astwonòm yo rele nyaj d'Oort.


Lè komèt sa yo pran wout pou rive sou Solèy la, yo kwaze ak wout Latè.


Atansyon, mwen pa di yo kwaze ak Latè non, mwen di yo kwaze ak wout Latè, savledi yo pase nan òbit planèt nou an ; Kòm objè sa yo. ki rele komèt, komanse fonn plis y'ap rapwoche de Solèy la, yo kite kèk ti moso glas ak ti wòch sou wout yo pandan y'ap antre pi fon nan sistèm solè a.

Kidonk, menmsi yo ale, sa yo kite sou wout yo rete nèt. Se konsa, lè Latè vin ap pase sou wout li, pa bliye se òbit li li ye, li kwaze ak debri ke komèt la te kite. E debri sa yo, ti wòch ak glas, antre an kolizyon ak planèt la ; yo penetre atmosfè a, e gaz nan atmosfè a komanse boule yo.

Nou menm ki sou Latè, nou ka remake dife ke debri sa yo fè lè atmosfè a ap boule yo. Kòm se yon bann ak yon pakèt ti wòch ak glas ki antre an menm tan, astwonòm yo rele yo lapli meteò. Pi fò ladan yo ap fin boule depi anlè nèt. Se kèk ti grenn ki ka pa fin boule nèt e ti rès la rive atè nèt. Lè sa yo rele yo meteorit. Se tankou ti wòch gravye boule ki rive sou Latè, ou pap menm rann ou kont de sa...an jeneral.


De toute façon, selon recherche astwonòm yo fè, se ta 50 tòn wòch ki ta rive tonbe sou Latè chak jou gras ak fenomèn pluies de météores sa.


Bon, gen yon lòt bagay pou konnen ankò : astwonòm yo katografye syèl la an yon seri de rejyon ki rele konstelasyon. Ofisyèlman gen 88 konstelasyon ki kouvri tout syèl la nèt e yo sèvi pou oryante'n lè n'ap obsève zetwal oubyen météore yo.


N'ap tou di'w la ke météore yo, nou rele yo tou zetwal filant paske akoz de dife ki limen lè yap antre nan atmosfè a, jan'm te di'n talèa, yo parèt vre tankou zetwal k'ap file desann sou Latè...bon kounyea nou konprann ke se rès debri komèt ki te pase deja k'ap desann, men ki pap rive vre sou sòl la. Puisque syèl la divize an plizyè rejyon ki pote non konstelasyon yo, selon rejyon astwonòm yo obsève lapli zetwal filant yo ap sòti yo tou ba'l pote non konstelasyon an ak yon ti « id » dèyè'l ; tankou si'l ta sòti nan konstelasyon Persée, yo tap rele'l perséides ; si se ta nan konstelasyon Orion li ta sòti, y'ap rele'l orionide. Etc.


Pa bliye, se kote komèt yo te pase ki pwodwi lapli meteò, se pa nan tout 88 konstelasyon ofisyèl yo ; kidonk, nou pi fasil ka denonbre 38 pluies de météores. Fò'n konnen tou, Latè se pase l'ap pase sou òbit li, sou wout li chak yon dat rive li yon kote spesyal sou òbit la. Savledi nou ka fè yon kalandrye egzat de ki kote e ki lè l'ap kwaze ak tèl ou tèl debri de tèl komèt.



Apati de sa, astwonòm yo rive monte kalandrye lapli meteò yo.

Paegzanp, nan dat mi-dawout, se lapli meteò Perséides yo, savledi si ou gad nan direksyon konstelasyon Persée nan dat sa, sitou nan lannwit 12 au 13 dawout kote w'ap wè anpil zetwal filant pase se dat maximum nan, jan astwonòm yo rele'l.


Yon lòt egzanp, se lapli meteò Géminides yo, paske zetwal filant yo parèt sòti nan konstelasyon Gémeaux nan dat mi-desanm yo, sitou vè 13 au 14 desanm ki se dat maximum li, lè ou ka rive wè menm 120 zetwal filant...yon bèl lapli meteò !

Bon, la nou konprann, se te egzanp, paske gen anpil lòt non pou lòt lapli meteò yo, selon konstelasyon yo parèt la, selon kote yon ansyen komèt te kite tras pasaj la sou òbit Latè.


Nou ka jwenn tout dat lapli meteò yo sou sit internet oswa liv ki pale de obsèvasyon astwonomik. Astwonòm yo rive fè prediksyon sa yo ak presisyon tankou anpil lòt fenomèn astwonomik ki vini plizoumwen regilyèman ; se sa yo rele mekanik selès, paske linivè fonsyone tankou you òlòj ki byen regle.


Depi nan tan lontan wi, astwonòm yo te gentan konn zafè kalandrye sa, e gen moun ki sèvi ak sa pou zafè pa yo, tankou Christophe Colomb a la Jamaique nan lane 1492 te rive fè endyen yo pè ak yon prediksyon astwonomik ki te reyalize vre, e se konsa li te rive sove la vi'l ak tout ekipaj li, gras ak yon eklips linè ki te gentan nan kalandriye.


Bon, ou konn tande par bò isit, an Ayiti, gen nèg ki di yo konn rale zetwal desann...bon, si'l gen kalandriye lapli meteò, li ka montre'w sa vre wi e si ou pa konprann fenomèn nòmal zetwal filant la oswa lapli meteò a, ou ka pran nan manti a... e byen, jodia ou ka konprann kijan yo fè.


Mwen se Captain Astro, pa bliye mwen la pou'm eksplike'w astwonomi an kreyòl. Pa ezite poze kestyon tout kote ou jwen enfomasyon sa ap pase sou rezo sosio yo, oswa rele'm ou ekri'm sou +50938407775.

A byento.

P.S.:

Men yon lis kèk douch meteor ak peryòd yo, dat maksimòm, ak konstelasyon orijin yo:


1. **Perseids**

    - Peryòd: 17 jiyè - 24 out

    - Dat maksimòm: 12-13 out

    - Konstelasyon kote yo soti: Perseus (RA: 3h 04m, Desanm: +58°)


2. **Jeminid**

    - Peryòd: 7 - 17 desanm

    - Dat maksimòm: 13-14 desanm

    - Konstelasyon kote yo soti: Gemini (RA: 7h 35m, Desanm: +32°)


3. **Kadrantid**

    - Peryòd: 1 - 5 janvye

    - Dat maksimòm: 3-4 janvye

    - Konstelasyon kote yo soti: Bouvier (RA: 15h 18m, Desanm: +49°)


4. **Leonid**

    - Peryòd: 6 - 30 novanm

    - Dat maksimòm: 17-18 novanm

    - Konstelasyon kote yo soti: Leo (RA: 10h 08m, Desanm: +21°)


5. **Orionid**

    - Peryòd: 2 oktòb - 7 novanm

    - Dat maksimòm: 21-22 oktòb

    - Konstelasyon kote yo soti: Orion (RA: 5h 32m, Desanm: +15°)


Enfòmasyon sa a ka varye yon ti kras de ane a ane, epi gen anpil lòt pi piti douch meteor. Si ou bezwen plis detay espesifik oswa lòt enfòmasyon, pa ezite mande!

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune