Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Sa'k ane bissextile la ? Captain Astro pral eksplike'w...


Aysyen | English | Francais

Mwa fevrye pral fini, e se pral yon fen spesyal paske fwa sa, tankou chak 4 tran, n'ap gen yon 29 fevriye. Paske nou nan yon ane yo rele bissextile.


Sa'k ane bissextile la ? Captain Astro pral eksplike'w...


Nou tout konnen e admèt Latè ap fè tou Solèy la. Men nan konbyen tan exactement ? Bon, nou rele tan sa ane. Konbyen jou lane a genyen...se la, gwo kestyon yo pral sòti, paske li enpòtan pou asire'n ke kalandrye ap bay bonjan dat pou lè'n di yon sezon ap rive nan tèl dat, lè dat la rive pou'n pa wè oswa santi se yon lòt sezon ki parèt. Bon, plis danje toujou nan kalkile fèt relijyez yo...nou konnen jan zafè relijyez yo sansib anpil anba par bord isis !


Tan Latè pran pou fè tou Solèy la, astwonòm yo rele sa ane twopik. Li dire 365.2422 jou, savledi environ 365 jours, 5 heures, 48 minutes et 45 secondes. Kidonk, li pi kout ke ane sivil nout tout abitye avèk la : 365.25. Bon, gen anpil detay astwonomik ki eksplike sa tankou mouvman presesyon ak aks wotasyon planèt nou an...men nou pap antre nan detay teknik sa yo jodia.


Men depi lontan lontan, astwonòm yo te konn remake ti dekalaj nan jan yo konte jou nan ane yo. Sezon yo komanse pa tonbe exactement nan jou yo, e jou fèt relijyez kretyen, juif ak musulman komanse bay pwoblèm tou.


Nan peryòd womèn nan, sou Jules Cesar, nan lane 45 avant J.-C. , paegzanp, se te yon ane de 365 jou exactement, menmsi yo te konn ajoute 1 mwa pou fè ane a aliye'l sou ane solè a. Men malgre sa, yo te jwenn pwoblèm nan kalandye sezon yo, sa ki gen anpil enpak negatif sou agrikiltè yo. Kidonk, fòk kalandrye a stabilize, paske sa gen yon enpòtans politik tou : Jules Cesar te vle etabli otorite'l kòm yon bon lidè pou agrikiltè yo. Li te konfye misyon sa a yon astwonòm ejipsyen ki te rele Sosigène ki tap travay pou li. Sosigène te ajoute 1 jou anplis chak 4 tran. Aksyon sa pral pèmèt stabilite kalandriye an, pou ratrape jou ki pou pèmèt nouvo kalandriye an vin ka gen menm longè ak kalandriye twopik la. Biensur, kalandriye a tou pote non otorite nan epòk la : Jules Cesar. Kalandriye julien. Bon, li pa ta ka pa sa, Yon chèf se yon chèf !


Chak 4 tran, lane ki pote jou siplemantè sa, nan mwa fevriye a, li rele ane bissextile.


Men gen yon ti detay Sosigène pat pran an konsiderasyon ki pral komanse bay kèk ti pwoblèm yon lòt astwonòm pral korije 1527 tan aprè. Se te yon lòt astwonòm italyen ki te rele Luigi Lilio ki te pote koreksyon nan kalandiye a. Mesye sa pat sèlman astwonòm non, li te tou matematisyen, medsen, fizisyen. Bon, ou konnen...nan epòk sa, jèn yo te etidye anpil anpil...Mwen ta swete jèn bò lakay nou tou ta fè efò pou yo etidye anpil tou...pou otorite yo ta ba yo opòtinite sa tou.


Kisa Luigi Lilio, ak tout akolit astwonòm yo ki te patisipe nan dosye sa, te fè konsa nan kalandrye julien an ki te sèvi yo kòm baz  nan epòk sa? Ann gade ansanm...


Ane twopik la gen 365.2422 jou. Ane julien an te awondi'l a 365.25 jou. Men anreyalite, gen yon pakèt chif aprè vigil la, sa fè ke menmsi ou ajoute 0.25 jou chak 4 tran jan kalandiye julien an te fè'l, rès chif aprè yo toujou la pou ajoute tèt yo tou e yo pral fini par bay dekalaj aprè plizyè syèk. Se sa ekip astwonòm ki tap travay sou pap Gregoire XIII yo pral konstate e korije. Ane julien an te awondi chif yo twòp. Y'ap toujou kenbe ane bissextile la chak 4 tran, sof pou syèk ki divizib par 400 yo. Paegzanp, lane 1700, 1800 e 1900 pa bissextiles (paske yo par divizib par 400), men lane 2000 bisextil (paske li divizib par 400). Lane 2024 se yon ane bissextile natirèlman paske li divizib par 4 e par 400. 2028 ap bisexitil tou, etc.

Sa pou'n sonje : nan kalandriye gregorien an, yon lane gen environ 365.2422 jours, li pi pwòch ane twopik la.


Savledi, l'ap pran plis tan pou dekalaj nan sezon ak nan kalandrye ta parèt....men y'ap parèt kanmenm yon jou, nou klè sou sa...nou konnen. Paske kalkil yo montre gen toujou yon écart résiduel d'environ 0,0003 jou parapò ak ane twopik la, e l'ap fini pa parèt nan 3300 ans konsa à l'avenir. Bon, la, nou gen kont tan nou pou nou fè yon lòt refòm sou kalandriye a ankò.


Bon, nou wè, bagay la pa konplike pase sa, menmsi m'twouve mo «  bissextile » la parèt dwòl. Ou konnen, m'ap swiv sou rezo sosio yo, gen moun ki menm panse bissextile vledi 2 sex, etranj....Men nou menm ki sot tande Captain Astro, mwen sur ke nou konprann, paske nou pale de astwonomi nan lang lakay, an Ayisyen.


Pa bliye abone, like e pataje ak lòt moun ki enterese ak syans astwonomi an Ayisyen. Mwen rele Captain Astro e ou ka poze'm tout kestyon ou genyen sou astwonomi sou rezo sosio yo oswa rele'm nan +50938407775.


Nou kase randevou pou yon lòt okazyon.


A bientôt !



Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune