Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Règ entènasyonal de deziyasyon egzoplanèt ak etwal li



Règ entènasyonal de deziyasyon egzoplanèt ak etwal li

NameExoworlds Haiti: pour nommer une étoile et son exoplanète avec un nom provenant de la culture ou de l'histoire d'Haiti
[IAI100 NameExoWorlds]|[ExoWorlds Haiti Home]|[Qu'est-ce que c'est?]|[Règle de nommage]|
[FAQ Français]|[FAQ Créole]|[Phase 1]|[Phase 2]|[Stratégie]|[Comité National]|[Supportez-nous]|[Confidentialité]|[FACEBOOK]

Règles Internationales de Dénomination d'Exoplanète et d’Etoile Hôte, version Créole Haïtien. (Traduite par la SHA, Version originale en anglais: http://www.nameexoworlds.iau.org/naming-rules)
Pour la version francaise (toujours traduite par la SHA): https://haitiastronomie.blogspot.com/2019/06/regles-de-nomage-dexoworlds-dans-iau100.html

 Règ sa yo aplike espesyalman nan pwojè IAU100 NameExoWorlds:
                      Non yo pwopoze yo dwe non bagay, moun, oswa zon ki gen depi lontan yon siyifikasyon kiltirèl, istorik, oswa siyifikasyon jewografik, e ki merite pou yo te koresponn a yon objè selès.
                      Malgre ke sa pa nesesè, non yo ka gen rapò ak syèl la oswa ak sijè ki asosye ak astwonomi, oswa yon jan kanmenm ki gen rapò ak konstelasyon oswa asterism kiltirèl sitiye nan sistèm  egzoplanetè a .
                      An rekonesans ak Ane Entènasyonal Nasyonzini pou Lang Endijèn yo (IYIL2019) 2019, yo ankouraje moun kap pale lang natif natal yo bay non nan lang sa yo.
                      De (2) non yo ta dwe pwopoze - youn (1) pou ègzoplanèt la ak youn (1) pou zetwal ke li òbite a.
                      Tou de non yo dwe swiv yon tèm komen pou nominasyon an. Tèm denominasyon ki dekri relasyon logik ant non sa yo dwe ka rezime nan yon fraz o de e yo dwe laj ase po ke yo ka jwen lòt non ankò pou bay lòt obje nan sistem egzoplanèt a ankò (pa egzamp yo ka dekouvri lòt planèt en plis, oubyen konpay pou zetwal la). Egzanp: Rivyè nan  peyi XYZ a. Tè nan fiksyon nan istwa yo nan 19yèm syèk, elatriye.
Gade plis detay anba a.
01
Non pwopoze yo, apre tradiksyon, ta dwe:
                      ant 4 ak 16 karaktè kom long nan alfabè latin (espas ak ponktyasyon yo konte ladann tou)
                      de preferans yon mo.
                      ka pwononse (nan kèk lang)
                      pa ofansif
                      pa sanble ak yon non objè astwonomik ki egziste deja. Non ki deja bay po objè astwonomik yo, yo ka verifye gras a lyen sa yo:
a)       Non ki nan baz done Inyon Astwonomik Entènasyonal (UAI) pou astewoyid ak ti planèt yo  (MPC): https://www.minorplanetcenter.net/
b)      Non objè galaktik ak èkstragalaktik yo ki nan nan Sesame name resolver http://cds.u-strasbg.fr/cgi-bin/Sesame
c)       non UAI pou planèt yo, planèt nèn yo ak satelit yo [https://www.iau.org/public/themes/naming/#majorplanetsandmoon]
d)      non UAI pou zetwal https://www.iau.org/public/themes/naming_stars/
e)       Non UAI pou ègzoplanèt https://www.iau.org/public/themes/naming_exoplanets/
02
Anplis de sa, non yo pwopoze yo pa kapab:
                      non yon mak komèsyal.
                      non moun, non zon oswa evènman ki rekonet prensipalman pou aktivite politik, militè oswa relijye .
                      non moun ki te mouri mwens pase yon syèk de sa (1919).
                      non moun k ap viv.
                      non òganizasyon ki gen rapò ak seleksyon sa.
                      non bèt kay.
                      kreye non (ki se non nouvo, non envante).
                      akwonim
                      non ki gen ladan nimewo oswa ponktyasyon (dyakriti yo akseptab)
                      non ke yo rekonèt prensipalman kòm mak pwoteje oswa ki gen reklamasyon pwopriyete entelektyèl.
03
Tout non yo pwopoze yo dwe akonpaye pa yon fraz de 100 mo maksimòm (apre tradiksyon an angle) pou eksplike non an
04
Non piblik ki seleksyone yo ap rekonèt pa IAU kòm non ki apwopriye e yo ap itilize yo piblikman pou objè a (yo).
                      Nou dako ke non piblik ki chwazi a pa pral ranplase deziyasyon alfanumerik syantifik yo.
                      Non ki pwopoze yo pral pibliye jan yo ye a, ak rekonesans pou pwopoze yo a.
                      Non piblik sa a ka itilize entènasyonalman avèk/oswa nan plas deziyasyon syantifik la, de fason pèmanan e san restriksyon.

VOIR LA PAGE OFFICIELLE DU PROJET EXOWORLDS HAITI...

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune