Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Exoworls Haiti-FAQ-Creole Haitien



Foire Aux Questions - Frequently Asked Questions [EN CRÉOLE HAITIEN]

NameExoworlds Haiti: pour nommer une étoile et son exoplanète avec un nom provenant de la culture ou de l'histoire d'Haiti
[IAI100 NameExoWorlds]|[ExoWorlds Haiti Home]|[Qu'est-ce que c'est?]|[Règle de nommage]|
[FAQ Français]|[FAQ Créole]|[Phase 1]|[Phase 2]|[Stratégie]|[Comité National]|[Supportez-nous]|[Confidentialité]|[FACEBOOK]
HAITIAN CREOLE
(Pour la version française, cliquez ici)

Teks sa nou pran li e tradwi li an kreyòl apati paj ofisyèl pwojè ExoWorlds de Inyion Astwonomik Entenasyonal (UAI) http://www.nameexoworlds.iau.org/faqs.

Anba paj sa, ou ka toujou poze nou kestyon pou ki ou pa ta trouve repons akseptab. Oswa ou ka ekri nou si ou klike la.

01 \
Kisa ki pwojè NameExoWorlds ?
NameExoWorlds se yon pwojè Inyion Astwonomik Entenasyonal fè ki ofri chak peyi (Ayiti ladann tou) posibilite pou li bay yon egzoplanèt non ak tout zetwal li.

02 \
Ki sa ki yon egzoplanèt?
Yon egzoplanèt se yon planèt ki an deyò  systèm solè a . Yo gravite otou zetwal oswa rès zetwal (tankòu nen blanch oswa zetwal anetwon). Yo te dekouvri dè milye egzoplanèt an òbit otou lòt zetwal pandan 3 dènye deseni say o. Egzoplanèt pou nou bay non yo a travè kanpay  IAU100 NameExoWorlds sa se nan systèm avèk yon sèl zetwal ak yon sèl egzoplanèt key o rekonète jiska jodia. Ka gen lòt egzoplanèt otou zetwal sa yo, e petèt menm lòt konpay pou zetwal yo tou, men lòt objè anplis pou systèm sa yo poko ankò rekonèt.

03 \
Kòman pwojè a fonksyone?
Komite Nasyonal yo te kreye pout te ka menen pwojè yo nan nivo entenasyonal la.
Gen ògan ki la pou rasanble pwòpozisyon yo e soumèt kèk nan yo a piblik la pou yo vòte. Komite Nasyonal NameExoWorld yo ka mande pou yo vini Komite Nasyonal Sasibilizasyon UAI [IAU National Outreach Committees] de maniè pi pemanan . 
Pou Komite Nasyonal Ayiti a, ou ka gade paj wèb sa:
: https://haitiastronomie.blogspot.com/p/nommer-ne-exoplanète.html oswa kontakte’l sou telefòn oswa Whatsapp: 
+50938407775 oswa ankò rantre nan youn nan rezo sosio yo (Whatsapp ou Facebook).

04 \
Kòman mwen ka patisipe 
Patisipan yo ka bay pwòpozisyon non pou yon planèt ak zetwal li gras a Komite Nasyonal la. Chak peyi ap gen pwòp systèm po soumèt pwòpozisyon e systèm de vòt pa li. Gade enfomasyon ke Komite Nasyonal Ayiyi a bay: https://haitiastronomie.blogspot.com/p/nommer-ne-exoplanète.html oswa kontakte’l sou telefon oswa Whatsapp : +50938407775

05 \
Mwen se yon Aysyen kap viv nan peyi etranje, eske mwen ka patisipe?
An prensip, wi. Paske Ayiti itilize metod an liy (entènèt) pou pwòpoze non ak pou vote. Konsa tou, nan komite Nasyonal li a, ki rele tou "Comité ExoWorld Haiti", gen yon Responsab pou diaspora tou. Gade ki jan Ayiti ap organize konkou sa sou paj li a:
https://haitiastronomie.blogspot.com/p/nommer-ne-exoplanète.html oswa kontakte’l sou telefòn oswa Whatsapp : +50938407775

06 \
Eske mwen ka propose non yo e vote plis ke yon fwa?
Non, ou pa otorize pou vote plis ke yon fwa. Fò ou pa ta non plis voye non yo direkteman bay gwoup IAU100 NameExoWorlds la oswa nonplis a lòt manm Komite ekzekitif UAI. Enskripsyon yo, se a travè Komite Nasyonal ou a pou ou soumèt li. 

07 \
Kisa ki " exoworld " la?
Nan kad kanpay pou non an, ti nom « exoworld » la fè referans a yon systèm egzoplanèt ak zetwal li. Pwojè sa pemet piblik la (Ayisyen ak moun etranje) patisipe nan bay non non Selman pou egzoplanèt la, men tou pou zetwal li a.

08 \
Ki tip de systèm ke y’ap bay non?
Sistèm ke y’ap bay non yo se zetwal senp ki antoure de yon sèl planèt key yo rekonèt. Ou ka jwen plis detay sou « exoworld » sa yo sou paj ExoWorlds Inyon Astwonomik Entenasyonal la (UAI) http://www.nameexoworlds.iau.org/stars-and-planèts . Sistèm sa yo ka gen planèt siplemantè an òbit, oswa menm zetwal konpay ke yo pat wò avan (gen anpil zetwal ki nan systèm ak plizyè lòt, pafwa 2, 3 lòt), men jiskapresan sanble systèm sa yo gen yon sèl zetwal ak yon grenn planèt ke yo rekonèt. Ou ka wò zetwal yo nan yon ti teleskòp. Egzoplanèt yo se pwobableman jeyant gazez yo ye ak mas yo ki ka anviron 10% a 500% mas Jipitè.

09 \
Konbyen exoworlds ke yo ap bay non?
Chak peyi kap patisipe ap gen posibilite pou bay yon zetwal ak yon planèt non.

10\
Mwen pa wè kèk peyi nan lis la. Eske sa vle di ke gen kèk peyi ki pap patisipe?
Sa ka rive ke gen kèk peyi ki vin jwen nou aprè. Si kèk peyi pa nan lis oganizatè yo, yo ka kontakte nou pou montre enterè yo pou patisipe nan kanpay NameExoWorlds la oswa pou oganise yon kanpay nasyonal. Rete tan toujou jiska 30 jiyè 2019 pou you ta manifeste enterè yo.

11 \
Ki lè y’ap bay rezilta yo?
UAI prevwa anose non ki seleksyone yo an desanm 2019.

12 \
Eske pwojè a ap’ kontinye?
Nan moman sa a, pwojè a ta dwe fini dèke non yo piblye.UAI ka Mennen lòt kanpay pou bay non nan piblik la a lavni.

13 \
Non ke yo chwazi yo, eske y’ap konsidere yo kòm ofisyèl?
Wi, UAI ap rekonèt ofisyèlman non ki chwazi yo.

14 \
Eske non say yo ap ranplase deziyasyion syantifik egzoplanèt ak zetwal yo?
Non, non yo ap ajoute ak deziyasyon syantifik yo ki te gen anvan, yo pa ranplase yo. 

UAI distenge “deziyasyon” de “non”. Astwonòm yo itilize deziyasyon syantifik yo regilyèman pandan etid systèm sa yo e souvan se chif (indis, pozisyon selès), lèt (romen, pafwa grek), akronim, e latrye, pa egzanp, "HR 6585”, “HD 160691", "Mu Arae ".

Non yo se non pwòp ki gen lèt, premye lèt en majiskil e san chif, egzanp "Cervantes". Tout zetwal ak tout egzoplanèt yo ke yo anrejistre yo gen youn oswa plizye deziyasyon, men se selman kèk 100 zetwal konsa ak 20 egzoplanèt ki gen non ke UAI rekonèt.

Pou plis enfomasyon, gade sou paj UAI la sou zafè bay bagay ki nan lespas non oswa kontakte Sosyete Aysyen Dastwonomi.

15 \
Eske gen règ spesifik pou bay exoworlds yo non ?
Wi geyen. 
Vèsyon anglè orijinal la: http://www.nameexoworlds.iau.org/naming-rules
Vèsyon fransè (tradiksyon): https://haitiastronomie.blogspot.com/2019/06/regles-de-nomage-dexoworlds-dans-iau100.html 
Vèsion kreyòl(tradiksyon): https://haitiastronomie.blogspot.com/2019/06/reg-entenasyonal-de-deziyasyon.html


16 \
Eske mwen ka jwen zetwal ke planèt la ap toune otou de li a?
Zetwal ke yo bay chak peyi a vizib nan peyi sa avèk yon ti teleskòp pandan kèk periòd patikiliè nan ane a. Ou ap jwenn koòdone ak liminosite (mayitid) chak systèm nan repètwa nan sit sa a: https://exoplanets.nasa.gov/exoplanet-catalog

17 \
Tann, èske UAI gen yon definisyon pou mo “egzoplanèt” la? M’te panse definisyon planèt an 2006 la de UAI a te aplike selman pou kò ki nan systèm solè a?  
Alorijin, definisyon planèt 2006 la te pwòpose pou reprezante alafwa kò ki nan systèm solè a ak sa ki ap vire otou lòt zetwal yo, astwonòm yo pat ka fin antann yo sou yon rezolisyon ki defini planèt yo (ak planèt nèn yo) nan systèm solè nou an. Kòm se depi 30 tan sèlman yo te konmanse ap dekouvri planèt otou lòt zetwal e ke konesans sou egzoplanèt yo ap evolye rapidman  a mezi dekouvèt ap fèt, gen yon Gwoup Travay UAI k’ap reflechi sou definisyon planèt pou kò ki an deyò systèm solè a.
An 2003, Gwoup Travay Division III UAI a sou planèt an deyò Solèy la (WGESP) [IAU Division III Working Group on Extrasolar Planèts] bay yon gwo deklarasyon zou pozisyon li http://articles.adsabs.harvard.edu/cgi-bin/nph-iarticle_query%3F2007IAUTA..26..183B  (“Définition de travail”) zou zafe egzoplanèt la. Dirijan komisyon F2 UAI la ap ekri yon dokiman sou lòt definisyon ak motivasyon an. 
Note ke definisyon travay say yo pa rezolisyon ke UAI soumèt a Asamble Jeneral la e yo ta merite pou yo ta diskite sou yo toujou.  Objè ki gen pou gen non nan kanpay sa ranpli tout kritè definisyon travay yo pou yo ta konsidere kòm egzoplanèt. 

18 \
Gen kèk peyi nan lis la ki pa manm?
Pou pwojè sa, nou te deside adopte yon apròch enkliziv e pèmèt ak tout eta manm Nasyonzini (Ayiti ladann tou), eta obsevatè Nasyonzini ak teritwa endepandan yo pou yo patisipe.

19 \
Eske sistèm Tau Bootis a ap nan konkou IAU100 NameExoWorlds la ?
Non. Depi lè Tau Bootis ak egzoplanèt li a pat resevwa non nan kanpay NameExoWorlds 2015 la, li te prevwa ke systèm nan ap jwen non nan yon lòt kanpay kap vini. Règ edisyon 2019 yo pa menm ak sa 2015 yo (sitou ke se yon zetwal ki briye anpil). UAI ka anvizaje mete systèm nan nan yon lòt kanpay a lavni.


RETOUR A LA PAGE PRINCIPALE DU PROJET:

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune